Pwopozisyon pou refòm sistèm pèmi kondwi

epi apèl pou sansibilizasyon sou dekrè ki egziste nan Kòd Wout la

Yon refleksyon sou sekirite woutyè ak pwofesyonalis chofè yo an Ayiti

Jean Yves Junior Pierre
Le Bonducteur

Entwodiksyon

Nou souvan tande ke lari a se salon pèp la; se yon fason pou yo di nou ke lari a se yon espas ki pou tout moun k ap itilize li, ke w se pyeton oswa chofè. Nou chak gen yon responsabilite pou nou kenbe li pwòp, an sekirite e respekte règ ki la yo; pa sèlman pou evite deblozay, men li dwe tou yon angajman pou pwoteksyon byen piblik yo ak lavi moun an jeneral. Se sou baz sa a mwen pral pale nou de kèk gran pwen nan sikilasyon san n pa antre nan anpil detay. Poukisa yo enpotan epi entwodwi kèk lòt pwen ke mwen panse ki ka ede pote yon amelyorasyon nan sistèm sa nan peyi a?

1. Definisyon sikilasyon

Lè nou pale de sikilasyon woutyè, nou vle pale de tout deplasman ki fèt sou wout an jeneral. Swa pa machin, a pye, pa bekann, elatriye. Li baze sou règ ki fèt pou asire bon jan deplasman epi pwoteje tout sa k ap itilize espas piblik yo. Règ sa yo gen ladan yo siyalizasyon, limit vitès, priyorite sou wout, ak kondisyon pou jwenn yon pèmi kondwi.

1.1 Sikilasyon an Ayiti: yon sistèm legal ki egziste men ki merite pase men

An Ayiti, sikilasyon woutyè a jere pa dekrè ak règleman ki la pou kontwole konpòtman chofè yo epi asire sekirite sou wout yo. Premye gwo dokiman legal ki te tabli baz kòd wout Ayisyen an, se dekrè 4 avril 1979 la, ki defini kategori machin yo, kondisyon pou jwenn pèmi kondwi ak sanksyon pou vyolasyon règ yo. Men, avèk ogmantasyon kantite machin sou wout yo ak nouvo metòd transpò yo, li te nesesè pou modifye kèk dispozisyon nan dekrè 1979 la. Se konsa leta te vini ak dekrè 26 me 2006 la, ki pote chanjman sou pèmi kondwi, sou nouvo kondisyon pou jwenn li epi ogmante responsabilite chofè pwofesyonèl yo. Malgre chanjman sa yo, toujou gen anpil pwoblèm ki rete e youn nan pwoblèm sa yo se sistèm pèmi kondwi an.

2. Poukisa nou bezwen yon pèmi kondwi ?

Pèmi kondwi a pa sèlman yon dokiman administratif, se prèv tou ke yon moun gen konpetans pou kondwi yon veyikil ak tout responsabilite sa mande. Li montre ke yon chofè konnen epi ka jere veyikil li byen san l pa mete lavi pa l ak pa lòt moun an danje.

2.1. Poukisa nou bezwen plizyè kalite pèmi ?

Yon ti machin pa menm ak yon gwo kamyon oswa yon gwo bis. Chak kategori veyikil mande yon fòmasyon espesyal epi yon nivo konpetans diferan.

Atik 52 nan dekrè me 2006 la defini 5 tip pèmi:

  • Tip A se pou veyikil otomobil kote pwa a pa depase 3500 kilogram.
  • Tip B se pou veyikil ki pi lou avèk oswa san remòk kote pwa a depase 3500 kilogram.
  • Tip C pou motosiklèt.
  • Tip D pou veyikil kote se bèt k ap rale yo.
  • Tip E pou veyikil nan domèn jeni sivil ak travo piblik (bouldozè, ekskavatè…)

Ann fon gade tip B a, nou pral pran kek egzanp sou veyikil ki mande pou chofè li gen tip B. Yon moun k ap kondi on kamyon baskil bezwen tip B paske pwa baskil la depase 3500 kilogram, yon lot moun k ap kondi yon kamyon ak yon kanntenè bezwen tip B, yon lot ankò k ap kondwi yon kamyon sitèn gaz oswa lòt pwodui chimik bezwen tip B. 3 veyikil sa yo mande 3 konpetans diferan, alòske menm pèmi an ka kondwi tout. Chaje lòt egzanp nou te ka pran ankò sou fay ki gen nan pati sa, se pou sa nou pwopoze yon sistèm pèmi ki plis detaye kote nou ka fè diferans ant machin prive pou itilizasyon pèsonèl ak machin komèsyal pou transpò pasaje oswa machandiz.

3. Pwopozisyon pou nouvo klasifikasyon pèmi kondwi yo

*Pèmi ki pa komèsyal: Pèmi sa a se pou chofè ki itilize machin pou itilizasyon pèsonèl

Tip A ap pou veyikil ke nou itilize pou bezwen pèsonel nou, soti nan yon plas jiska 15 plas. Laj minimòm nan ap 17 lane men fòk moun nan te gen yon pèmi daprantisaj/minè pou pi piti 1 lane e pwa machin nan pa dwe depase 10 tòn .

*Pèmi pou machin komèsyal

Pèmi sa yo se pou chofè k ap travay nan transpò moun oswa machandiz.
•​B3 pou veyikil ki ka pote plis pase 15 pasaje (minibis, otobis) ak kèk pwodwi chimik, li pa dwe depase 10 tòn.
•​B2 pou veyikil B3 yo ak machin ki pi lou pase 10 tòn, men ki pa ka rale plis pase 5 tòn.
•​B1 ka kondwi veyikil B2 yo ak veyikil ki depase 10 tòn ak yon trelè ki ka depase 5 tòn

*Lis spesyalizasyon yo

Pou kèk kalite machin oswa transpò, chofè yo ap bezwen yon sètifikasyon anplis :
•​T : Pou transpò likid (tank) ak pwodwi chimik
•​P : Pou transpò pasaje (obligatwa pou B3).
•​L: Yon pèmi espesyal pou transpò machandiz ki depase longè oswa lajè veyikil k ap pote l la

4. Mezi pou amelyore sekirite epi fòmasyon chofè yo

a) Obligasyon pèmi aprantisaj pou tout nouvo chofè, fòmasyon obligatwa pou chofè machin komèsyal, ak revizyon obligatwa chak 5 lane pou pèmi pwofesyonèl yo.
b) Nimerizasyon ak kontwòl pèmi yo kote leta ap kreye yon pèmi dijital ak kòd QR pou evite falsifikasyon epi mete yon sistèm pwen sou pèmi yo pou pini move konpòtman chofè yo.
c) Sètifikasyon medikal pou chofè pwofesyonèl yo

Pou chofè k ap transpòte pasaje oswa machandiz sou long distans, li enpòtan pou gen yon kat medikal ki konfime ke chofè a anfòm pou kondwi. Yon chofè k ap fè wout Pòtoprens–Jeremi , lajounen kou lannwit, ak 30 oswa 40 pasaje sou responsablite li, dwe gen bon vizyon, bon sante, epi kapasite pou jere fatig. Yon evalyasyon medikal regilye ap yon mezi enpòtan pou pwoteksyon lavi chofè yo, pasaje yo ak sekirite piblik. Kat medikal la ap valab pou chofè moto yo ak tout chofè ki gen pèmi komèsyal.

Anfen, sa se pa sèlman yon kesyon de lwa ak règleman, men yon kesyon de lavi moun. Plis nou pran responsablite pou mete lòd nan sistèm sikilasyon nou an, se plis nou ka pwoteje lavi moun, ranfòse konfyans nan sistèm nan, e bay Ayiti yon lòt vizaj sou aspè sa.

NB: Dokiman sa se jis yon pwopozisyon, konsènan pwa yo ak tip pèmi yo, yo ka toujou revize an fonksyon de wout yo ak kèk zòn spesifik!

Jean Yves Junior Pierre
Le Bonducteur

1 réflexion sur “Pwopozisyon pou refòm sistèm pèmi kondwi”

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Retour en haut