Kisa peyi an ofri?

*Kisa peyi an ofri?*

*Mwen pran inisyativ ekri tèks sa nan yon fason trè pèsonèl.*

Se sa ki fè menm mwen pap bwose anyen, ni pale vagman. Dayè tout moun ki konnen m abitye ak diskou m deja. Se pa jodi an mwen gen diskou sa. Yo te di m l ap chanje lè m fini lekòl ; mwen fini lekòl, li pa chanje. Yo te di m l ap chanje lè m fin etidye ; mwen fin etidye, li pa janm chanje. Yo te di m l ap chanje lè m komanse gen responsablite, mwen vin gen responsablite, li pa janm chanje.

*Anpil moun, san yo pa konn anyen de mwen, konn di se paske mwen poko janm viktim ki fè mwen pale konsa.*

An 2012, papa m mouri asasine ak bal. Kijan pou m te viktim la ankò ? An 2016, yon bon zanmi m, Jean Eric Moncher, li te nan 5yèm ane medsin, nou te gen anpil pwojè ansanm, mouri asasine ak bal. Mwen poko viktim toujou ?

Mwen raple m jan mwen te enkosolab lè nouvèl lanmò sa. Mwen te rann mwen kont tè an pyeje. Men nan demen lè mwen te rankontre ak Cadet ki te bon zanmi misye tou, Cadet te di m : « Montina, si w tande yo touye m tou pa sezi, paske mwen pap janm obeyi yon nèg sou baz li se bandi. Mwen prefere mouri menm jan ak Eric ». Lè sa mwen te rann mwen kont tou se 2 bagay : swa mwen bay vag, swa mwen antre pi fon nan konba m ap mennen an. Mwen pa bezwen di nou mwen te chwazi dezyèm opsyon an.

2020, Grégory Saint-Hilaire mouri anndan yon *fakilte* ak yon bal nan *do* l. Grégory pa t trè pwoch mwen, men nou te konn pale. Mwen raple m li te pwomèt mwen l ap fè m antre nan skout e mwen menm, mwen te fè l antre nan karate ki te konn fèt nan FDS. Kou sa se te yon lòt frap mwen te pran. Mwen te santi anpil emosyon tankou endiyasyon, angwas, enpuisans… ki te travèse m ansanm. Donk mwen viktim. Mwen pa reprezante yon modèl ni yon echantiyon viktim, men mwen ka di mwen pa yon privilejye ni yon egzante de sa ki ap pase nan peyi an.

*Kisa diskou mwen an ye ?*

Se nou ki pou fè yon bagay pou peyi an. Anpil nan nou toujou ap poze kesyon « kisa peyi an ofri ? ». Mwen pap di nou « kisa nou ofri l nou menm ? » men m ap di nou « kisa nou fè ak sa peyi an ofri nou ? ». Wi, mwen menm peyi an ofri m yon pakèt bagay deja. _Menm yon bon zanmi mwen genyen se Ayiti ki ban mwen l._ Mwen gen chans sou 3yèm etid inivèsitè m, e se nan peyi an mwen fè tout. Total lajan mwen te peye pou etid sa yo nan Inivèsite Leta pa menm rive 10 000 goud. Mwen gen chans tou travay ak konpetans sa yo nan plizyè enstitisyon prive ki trè serye ki nan peyi an. Wi, peyi an fè pou mwen.

Anpil nan nou k ap mande kisa peyi an ofri jèn, entèlektyèl, atis, elt… Mwen ta renmen nou di pito kisa nou fè ak sa peyi an ofri nou deja. Paske mwen konstate anpil nan nou gen entènèt chak jou, e se nan peyi an nou jwenn sèvis entènèt sa yo, kisa nou fè ak sa ? Anpil nan nou pretann nou bezwen ale nan lòt peyi pou nou ka al pran fòmasyon epi pou nou tounen vin ‘’sèvi’’ peyi nou. Mwen wè anpil nan nou tounen vre, jis vin fè kou nan Inivèsite an oubyen vin fè stil sou lot Ayisyen parèy nou… E aprè ? Se sa ki rele sèvi peyi an ? Depi dat n ap repwodui modèl sa, ki rezilta nou jwenn ? Mwen pa ka konprann ke pwofesè m yo kontan ke yo te gen chans al etidye lòt bò; e tout sa yo vle ofri m jodi an se al etidye lòt bò tou. E aprè ? Gade konbyen bous etid sa yo koute epi depi kilè y ap ba nou yo tankou mandyan… Poukisa yo pa ba nou yon lot inivèsite ? Lè Kanada ap swadizan favorize jèn ki fè etid, se pou li menm oubyen pou nou li fè l ? Desepsyon m se pa ke swadizan dirijan yo malonèt, nou tout konn sa deja, sèke mwen pa wè swadizan elit entèlektyèl la diferan.

Gen anpil moun ki swadizan vle peyi an chanje se jis pouvwa acha yo bezwen. Gen lòt ki gen pwoblèm ak kidnapin se jis paske yo twouve l twò chè. Si kidnapin yo te 1 000 goud anpil swadizan entèlektyèl t ap gentan fè konferans pou montre kijan pou nou ekonomize pou kidnapin lan, paske nan tèt yo li t ap yon bagay nòmal.  Gen moun ki t ap menm tou mache ak 1 000 goud la sou yo.

Mwen rete kwè pi gwo pwoblèm peyi an se yon pwoblèm moral. Li senp pou m eksplike sa. Se pa dirijan nou yo ki pi gwo pwoblèm lan ; pi gwo pwoblèm lan se paske nou aksepte yo dirije nou. Nou aksepte tande swadizan jounalis k ap ba yo pale. Nou aksepte kite fonksyone swadizan medya k ap difize lè y ap bay manti. Nou aksepte yon swadizan lapolis, nou peye ak lajan taks nou, ap bloke n pou ba yo pase pou y al nan biwo koripsyon an. Tan nou aksepte sa yo, tan n ap toujou ap chèche kisa peyi an ofri nou. Tan nou gen yon atitid pasif, n ap tann lot peyi tranpe kasav pou nou, tan n ap rayi tèt nou, rayi pwòp frè nou.
 

*Mwen pa ka ankouraje pyès moun rete ni ale.*

Sa depann de kijan ou konprann bagay yo. Se yon desizyon pèsonèl. Sepandan, lè nou chak nou kite peyi an sou baz lòt kote ofri nou plis. Se komsi se yon moun ki rete nan yon kay ki koule, ki prefere al pase twal mouye nan yon lot ki pa koule. Sa k pi rèd la lè li tounen nan pa l la ki vin pi koule, li jis kontinye pase twal mouye paske se sa li te al fè. Li kontan li jwenn okazyon pou l montre jan li konn pase twal mouye sitou jan kay la vin koule an, li jwenn kote pou l plede pase twal mouye. Epi kay la toujou koule, lòt moun vin ranplase sila ki tap pase twal mouye an. Avèk fyète nou resevwa chak nouvo pasèd twal mouye… Paske pou jan kay la koule an, se ekspè twal mouye ki pou travay ladan l.

Men non ! nou fè l deja e nou wè pa gen pyès rezilta. Se pou nou ranje kay nou. Se pa sentom maladi an pou n ap trete, se koz la.

*Mwen pa ka anpeche pyès moun pale peyi an oubyen Ayisyen mal.*

Chak moun gen eksperyans yo. Chak moun, suivan sa yo viv nan peyi an, ka gen tout rezon yo pou yo dekouraje, pèdi espwa epi fè konklizyon yo twouve ki fè sans. Men, lè nou pale Ayisyen mal oubyen peyi an, ak kiyès nou fè l ? Anpil fwa mwen remake yon gwoup Ayisyen k ap pale Ayisyen mal. Ki objektif sa ? Ki sa li itil lè nou fè l ? Pou nou montre nou konprann pèp la ? Pou nou montre ti gwoup pa nou an se elit ? Si ti gwoup sa se elit, poukisa li pa montre sa l fè pito ? Ki sans sa genyen pou nou ap tande mizik, emisyon, radotè k ap pale peyi nou mal ? Pou l swadizan idantifye pwoblèm peyi an ? E aprè ? Nou gen konbyen lane n ap idantifye yo deja ? Kisa nou fè ak sa nou idantifye yo ?

Mwen raple m sèn sa kote yon bann anplwaye yon brasri nan peyi an te reyini nan yon restoran. Yo te ak mayo travay la sou yo, yo te achte bwason ki sòti nan menm travay sa pou yo konsome. Epi de kisa yo t ap pale : yo t ap kritike travay la ankò. Travay ki pèmèt yo ka achte menm sa travay la pwodui an, lè yo reyini, yo kritike l pale patwon mal. Poukisa yo pa t planifye kisa y ap fè pou yo pa depann de travay sa pito ?
Mwen te sou yon gwoup ki gen ansyen diplome FDS. Tout sa yo te rive ofri fakilte an : se yon leve fon epi konferans. Lè mwen te pwopoze kèk ide tankou kreye yon koperativ pou nou finanse pwòp pwojè nou yo oubyen yon kès solidarite pou jere ebèjeman pou etidyan ki soti an pwovens yo, gwoup la te tou friz pandan yon bon ti tan. Poukisa ? Paske Ayisyen pa gen tèt ansanm ? Non, paske li pi fasil pou ranmase lajan, mete siyati, ekri atik, fè foto ak gwo bout chèk. Paske swadizan entèlektyèl nou yo pap travay pou Ayiti. Paske fyète yo se : yo konn pase twal mouye. Poukisa yo plis anvi di nan ki peyi yo te ale olye kisa yo fè pou peyi kote yo sòti an? Paske lè yo pati se pou tèt yo ak fanmi pwòch yo, se pat janm pou sèvi peyi.

*Mwen pa mande pyès moun fè tankou m.*

Chak moun gen ekspètiz, konpetans ak eksperyans yo. Chak moun gen nivo kouraj ak rezistans yo. Yo menm di chak moun gen pasyon yo. Men lè m ap gade konbyen konpetans, richès k ap gaspiye alòske moun sa yo swadizan vle peyi an chanje, mwen mande tèt mwen kijan yo vle l chanje oubyen kiyès k ap vin chanje l pou yo ?
Kòmanse sou volim depans elèv filo fè lè y ap fete swadizan fèt filozof ak gradyasyon pandan anpil fwa yo pa konn ahaga nan fèy malanga. Yo menm tou vle peyi an chanje pandan yo pa pran okenn inisyativ kote pa yo. Tout sa ki enpòtan se montre jan y ap byen pase. Kisa ki anpeche elèv lekol fè menm si se yon « _drive_ » ak tout tèks literati ayisyen yo ? Kisa ki anpeche elèv lekòl ki gen pwofesè yo òganize seyans travay pou ede lòt sa ki gen mank yo ? Kiyès y ap tann fè l pou yo ? Mwen pa mande pyès moun pou ekonòm, minimalis, elt. Men li posib pou nou pran konsyans resous k ap gaspiye, resous ke nou kontinye gaspiye epi chwazi aji ak viv yon fason ki pi koyeran ak dezi nou pou peyi an chanje.

*Mwen pa ekri tèks sa pou m pale de tèt mwen ni pou m jis lonje dwèt mwen sou sa mwen twouve ki pa bon.*
Mwen ekri tèks sou pou m reponn kèk kesyon moun ta ka poze m oubyen yo konn poze m deja. Mwen ekri l tou pou m montre kisa ki ka fèt, kisa ki kòmanse fèt deja. Mwen ekri l pou si w gen bon jan volonte pou w fè yon bagay tou, pou w konnen gen lòt moun ki ka mete men avè w.


Mwen rele Emmanuel Junior Montina. Ane sa m ap gen 31 an. Mwen fèt Ayisyen e m ap mouri Ayisyen. Mwen etidye jeni-elektwonik, matematik ak tewoloji.

*Men inisyativ mwen pran deja.*
Mwen pa pran yo pou kont mwen. Gen kèk moun ki kwè nan demach mwen yo e yo sipòte m fason yo kapab.

An 2014, mwen te fonde Club Social MPC1 ki se yon klèb kote n ap ankouraje moun fè efò pou yo vanse nan lavi an. Se yon klèb motivasyon e ki vin tounen yon lekòl panse, kounya li rele Club Social SVM SVMVS.

An 2020, mwen kòmanse yon emisyon radyo pou Club Social. Li fèt chak dimanch sou Radio RD PLUS 87.5 fm epi li sou Telegram tou : https://t.me/clubsocialhaiti

Mwen envite nou tande emisyon an, li ansyen magazin mouvman an epi souke kò nou pou nou ranje kay nou olye pou n ap montre nou se ekspè nan pase twal mouye.

Youn nan bagay mwen renmen viv se lè mwen reveye nan mitan nuit epi m ap gade drapo peyi m ki afiche nan chanm mwen. Sa banm yon lòt nivo enèji.

Mwen menm mwen pa manke ide pou peyi m. Mwen remèsye Bondje pou sa. Men gen anpil bagay mwen pa ka fè pou kont mwen. Si pèsonn pa vle tou, m ap kontinye pou kont mwen. Swa mwen mouri, swa mwen jwenn viktwa, men mwen pap bay vag.

M ap tann tout moun ki vle tout bon. Kontakte m sou ayonsunebellevie@gmail.com

4 réflexions sur “Kisa peyi an ofri?”

  1. Okenn lot nasyon pap ka vin chanje ayiti
    Se nou ayisyen ki pou mete tet ansanm pou nou fel
    Gen moun ki dekouraje kite peyi an koz yo viv yon bagay terib ke yo pat swete
    Gen moun tou se pou vi yo pask move dirijan pa gen sekirite tout sa pouse yo ale
    Moun ki fomè ki itil population an yap touye yo
    Yo oblije ale pou yo sove vi yo
    Tout bagay lan se jwenn yon ansanm de moun ki gen karaktè , vizyon pou peyil, ki rezonab ,
    E lè ki fin idantifye problème yo pou konn kote poul komanse rezoud
    E kap tande pep la tou

    Mwen felisite w pou kouraj ou e pasyans ou ki gade yon espwa pozitif ke ayiti pap peri

  2. Monchè mwen felisite w pou kouraj ou, lafwa w ak fyète w pou peyi w. Tèks ou a fè m sonje pawòl pwofesè Erald Piervilus yo. Yon moun mwen te panse ki inik sou tè a pa rapò ak lanmou l pou peyi a men m panse ou enskri w nan menm demach avè l. Se pa rapò ak enfliyans pwofesè sa a tou ki fè m toujou vle ede moun kit li gwo kit li Piti. Epi m toujou di tèt mwen *travay pa m lan fòk mwen fè l*.

    Mèsi pou travay la pi gran!!!

    1. Mèsi anpil frè! Travay n ap fè an, Ayiti merite l. Se pa favè n ap fè l. Ann pote kole pou nou sove listwa. Nou se espwa yon pakèt pèp nan mond lan. Yè, mwen te rankontre kèk Antiyè, se ak anpil respè yo pale de Ayiti. Hasta la victoria!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Retour en haut